Kowonaviris (COVID-19)

Maladi kowonaviris (COVID-19) se yon maladi enfeksyon ki koze pa yon kowonaviris ki fèk dekouvri.

 

Pifò moun ki enfekte ak viris COVID-19 la ap gen maladi respiratwa ki soti lejè pou rive modere epi yo pral refè san yo pa bezwen tretman espesyal. Moun ki pi gran yo, ak moun ki gen pwoblèm medikal kache tankou maladi kadyovaskilè, dyabèt, maladi respiratwa kwonik, ak kansè gen plis chans pou yo devlope maladi grav.

 

Pi bon fason pou anpeche epi ralanti transmisyon an se byen enfòme sou viris COVID-19 la, maladi li lakòz ak kijan li gaye. Pwoteje tèt ou ak lòt moun kont enfeksyon lè w lave men w oswa lè w sèvi ak yon pwodui ki gen alkòl souvan epi pa touche figi w.

 

Viris COVID-19 la gaye prensipalman atravè ti gout krache oswa ekoulman ki soti nan nen an lè yon moun ki enfekte touse oswa estènye, kidonk li enpòtan pou ou pratike etikèt respiratwa tou (pa egzanp, lè w touse nan yon koud pliye).

 

Pou kounye a, pa gen okenn vaksen oswa tretman espesifik pou COVID-19. Sepandan, gen anpil esè klinik k ap kontinye pou evalye tretman potansyèl yo. OMS ap kontinye bay enfòmasyon ki ajou le pli vit ke rezilta klinik yo vin disponib.


Dat piblikasyon: 3 avril 2020
Chat sou entènèt sou WhatsApp!