Kijan pou anpeche COVID-19

Pou anpeche enfeksyon epi pou ralanti transmisyon COVID-19 la, fè bagay sa yo:

1. Lave men ou regilyèman avèk savon ak dlo, oubyen netwaye yo avèk yon savon ki gen alkòl ladan l.

2. Kenbe omwen 1 mèt distans ant ou menm ak moun k ap touse oswa estènye.

3. Evite touche figi ou.

4. Kouvri bouch ou ak nen ou lè w ap touse oswa estènye.

5. Rete lakay ou si ou pa santi ou byen.

6. Evite fimen ak lòt aktivite ki febli poumon yo.

7. Pratike distans fizik lè w evite vwayaj ki pa nesesè epi rete lwen gwo gwoup moun.


Dat piblikasyon: 7 avril 2020
Chat sou entènèt sou WhatsApp!